Sendwom Metabolik: Risk pou w fè yon Maladi Kwonik
Sendwom Metabolik se yon kondisyon ki mete w nan gwo risk pou w gen gwo pwoblèm sante (kwonik) alontèm. Se pa yon maladi. Ou pa gen okenn sentom. Okontrè, yo pale de sendwom metabolik lè w gen 3 oswa plis nan 5 faktè ris yo. Ou ka pran mezi pou w kontwole faktè sa yo. Sa ap ede w diminye risk ou genyen pou w gen pwoblèm sante kwonik yo. W ap amelyore sante w nan fason sa.

Kisa sendwom metabolik la ye?
Sendwom metabolik yo se yon gwoup faktè risk. Menm si w gen sèlman 1 faktè risk sa ogmante chans pou w gen pwoblèm sante. Chak faktè risk anplis ogmante chans ou pi plis menm. Sa yo se bagay founisè swen sante w la ka mezire. Faktè risk yo se:
-
Pwa w, espesyalman nan kontou tay ou (obezite abdominal)
-
Nivo grès (trigliserid) ki nan san w
-
Nivo HDL ou (bon) kolestewòl
-
Tansyon w
-
Nivo sik ki nan san w
Pale ansanm ak founisè swen sante w la sou rezilta w yo. Mande l sa yo vle di pou ou.
Sendwom Metabolik ak maladi kwonik
Etid yo montre sendwom metabolik la lye ak anpil pwoblèm sante kwonik. Tankou maladi kè, estwòk, ak dyabèt. Yon moun ki gen sendwom metabolik se yon moun ki:
-
gen 5 fwa plis chans pou l fè dyabèt tip 2 a
-
gen 2 fwa plis chans pou l fè maladi kè
-
gen 2 a 4 fwa plis chans pou l fè estwòk
-
gen 3 a 4 fwa plis chans pou l fè yon kriz kadyak
-
gen 5 fwa plis chans pou l genyen pwoblèm memwa (defisyans koyitif)
-
2 fwa plis chans pou l devlope maladi ren kwonik
Sendwom metabolik yo double risk pou w mouri nan nenpòt nan maladi sa yo tou.
Sendwom Metabolik ak maladi kè
Si w gen sendwom metabolik, gen plis chans pou atè ki voye san nan kè w la vin pi piti oswa bloke akoz pil grès yo rele plak yo. Sa diminye kantite san ak oksijèn ki rive nan kè a. Sa ap bay doulè nan pwatrin (anjin) oubyen kriz kadyak.
Sendwom metabolik ak dyabèt
Youn nan siy sendwom metabolik la se yon nivo sik (glikoz) ki wo nan san w. Sa kapab yon siy predyabèt tou. Lè w fè predyabèt, risk ou genyen pou w fè dyabèt la ogmante. Dyabèt se yon maladi kote kò w pa ka pwodui ase ensilin. Oubyen kò w pa ka itilize ensilin nan nòmalman. Dyabèt tip 2 a se yon twoub metabolik.
Sendwom metabolik ak estwòk
Sendwòm metabolik la ogmante risk ou genyen pou w fè estwòk. Yon estwòk iskemi se lè atè ki pote san nan sèvo a vin pi piti oswa bloke. Yon estwòk emorajik ka rive lè tansyon w wo ak lè w fè dyabèt. Plis tan ap pase, sendwom metabolik la ogmante risk pou w devlope gwo defisyans koyitif ki pa ywò grav.
Kijan yo trete sendwom metabolik la?
Paske li ogmante risk pou fè maladi ki pi grav alontèm yo (kwonik), se sa k fè li enpòtan pou l trete. Tretman sa chita sou jesyon faktè risk yo. Li pi souvan gen ladan chanjman estil vi. Chanjman sa yo chita sou 3 gwo bagay:
-
Pèt pwa. Chak liv ou pèdi bon pou kò w ak kè w. Pèdi pwa ap ede w amelyore to kolestewòl ak triglisid ou. Sa ap bese tansyon w. Sa ap ogmante nivo sik ki nan san w.
-
Manje plis manje ki bon pou sante w. Fè yon bon chwa manje k ap ede w mete kolestewòl, tansyon w, ak sik ki nan san w nan yon nivo ki bon pou sante w. Chwa ki bon pou sante w yo ka ede w kontwole pwa w tou.
-
Rete plis aktif. Rete aktif se youn nan pi bon chanjman ou ka fè pou kè w. Lè w konbine l ak byen manje, fè egzèsis ap ede w pèdi pwa w gen anplis yo. Lè w rete aktif sa diminye sik nan san w epi li ogmante to HDL la.
Li vrèman enpòtan pou w pa fimen. Epi founisè swen sante w la ka preskri w medikaman. Founisè swen sante w la ka preskri w medikaman ki pou ede w jere kolestewòl la, tansyon w, oubyen sik ou. Medikaman yo travay pi byen lè w ap pèdi pwa, manje an sante, epi fè plis aktivite. Si yo preskri w medikaman, konnen medikaman w ap pran yo. Pran medikaman yo jan yo mande w sa.
Ou ka pran de mezi kounya pou w diminye riski ou genyen pou w gen pwoblèm sante kwonik yo. Jere avni w. Fè kèk chanjman pou w pwoteje kò w epi pou w evite pwoblèm grav yo.