Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kis nan Ovè

Yon kis se souvan yon sak ki plen ak yon likid, tankou yon ti blad dlo. Kis yo prèske toujou inofansif, epi anpil disparèt pou kont yo. Souvan yon grandi dousman. Tay yo ka varye soti nan yon gwosè ki piti tankou grenn pwa pou yon gwosè ki depase yon panplemous. Anpil pa lakoz sentom di tou. Souvan nou ka santi yo sèlman pandan yon ekzamen pèlvyen. Kis nan Ovè yo souvan yo pa kansè (ki pa grav).   

Yon Kis fonksyonèl

Kis fonksyonèl la se kis nou jwenn plis. Li fòme lè yon folikil pa libere yon ze ki gen matirite oubyen li kontinye ap grandi lè l fin libere ze a. Kis fonksyonèl la souvan fèt sèlman nan yon ovè ala fwa. Souvan yo retresi pou kont yo nan 1 a 3 mwa. Nan kèk ra ka, yon kis ap brize (pete), sa ki ap lakoz doulè. Yon ovè ki trese ka lakoz doulè a tou paske li twò gwo akoz kis la ki ap grandi ladann. 

Yon Kis fonksyonèl.

Kis dèmoyid

Pafwa selil ki la depi nan nesans ou a ap kòmase grandi nan yon tisi ki deiferan tankou po, grès, cheve, ak dan. Jan de kis sa yo rele l kis dèmoyid. Kis dèmoyid la ka grandi nan youn oubyen nan tou de ovè yo. Souvan yo pa lakoz sentom di tou. Men si yo koule oubyen ovè a vin mawonnen, yo ka lakoz gwo doulè.

Kis dèmoyid.

Andometriyom

Pafwa tisi ki sanble ak mikez ki nan matris la (andomèt) yo grandi epi yo vin tounen yon pati nan ovè a. Jan de kis sa yo souvan rele l kis chokola a koz koulè mawon fonse li a. Kis sa yo ka grandi nan youn oubyen nan tou de ovè yo. Yo souvan lakoz doulè, espesyalman pandan manstryasyon ou oubyen pandan w ap fè sèks.

Andometriyom.

Sistadenòm ki pa grav

Si kapsil ki bò ovè a grandi, li ka fòme yon sistadenòm. Kis sa yo ka grandi nan youn oubyen nan tou de ovè yo. Souvan yo pa lakoz sentom di tou si yo tou piti. Men si yo vin gwo, yo ka peze ògan ki pre ovè yo, sa ki ap lakoz doulè. Yo ka lakoz doulè lè yo detire kapsil ovaryen an. Yon kis ki ap pouse vesi a ka lakoz ou ale pipi souvan. Pafwa kis sa yo pete epi yo senyen

Sistadenòm ki pa grav.

Kis kansere (grav)

Kis sa yo ka anvayi lòt tisi oubyen simsye nan lòt pati nan kò a.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer