Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Swen Kòd Lonbrit

Lè w byen pran swen kòd lonbrit bebe w la, sa kapab ede l geri. Pa rale kòd lonbrit la. Li ta sipoze tonbe poukont li nan entèval 2 semèn ki vin aprè akouchman an. Itilize etap ki pi ba yo kòm gid.

Swen pou kòd lonbrit bebe ou a

Pou ede l pa atrape enfeksyon epi kenbe kòd lonbrit la sèch:

  • Kite kòd lonbrit la pran lè.

  • Rekase pati anlè nan daypè a, yon fason pou daypè a pa kouvri oswa fwote sou kòd lonbrit la.

  • Pa mete rad sere k ap peze kòd lonbrit la.

  • Pa mete bebe a nan dlo toutotan kòd lonbrit la pa tonbe epi zòn kote li te ye a pa sèch epi geri. Pase w fè sa, pito w benyen bebe a ak yon gan twalèt ki mouye.

  • Pa eseye retire kòd lonbrit la. L ap tonbe poukont li. Li nòmal pou wè ti plak san sou kòd lonbrit la. Lè kòd lonbrit la ap tonbe, li ka fè ti senyen epi tache rad bebe a tou.

Rele founisè swen sante bebe ou a

Gwo plan vant yon ti bebe ki montre yon enflamasyon sou vant li arebò kòd lonbrik li.
Enflamasyon kòd lonbrik sou yon po klè.
Gwo plan vant yon ti bebe ki montre yon enflamasyon sou vant li arebò kòd lonbrik li.
Enflamasyon kòd lonbrik sou yon po nwa.

Rele founisè swen sante bebe ou a si w remake youn nan sa nou pral site la yo:

  • San ki kaye oswa zòn bò kote kòd lonbrit la ye a anfle

  • Genyen likid k ap koule soti ladan l oswa li bay move sant

  • Ou sou 4èm semèn aprè akouchman an, men kòd lonbrit la poko janm tonbe toujou

  • Bebe ou a gen lafyèv (gade seksyon lafyèv ak timoun lan, pi ba a)

Lafyèv ak timoun

Itilize yon tèmomèt dijital pou w tcheke tanperati timoun ou an. Pa itilize yon tèmomèt a mèki. Gen anpil tèmomèt dijital ak plizyè fason pou itilize yo. Yo gen ladan yo:

  • Tèmomèt pou Dèyè Pou timoun ki gen mwen pase 3 lane, pran tanperati nan dèyè l pi efikas.

  • Fwon (tanporal). Sa ap mache pou timoun ki gen 3 mwa oubyen timoun ki pi gran. Si yon ti bebe pi piti pase 3 mwa gen siy maladi, yo ka itilize tèmomèt sa kòm premye aparèy pou pran tanperati l. Founisè swen sante a ka vle konfime l ak tanperati nan dèyè ti bebe a.

  • Zòrèy (tenpan). Tanperati nan zòrèy la efikas aprè l fin gen 6 mwa, men anvan sa li pa efikas.

  • Anbabra (aksilè). Sa mwens fyab men yo ka itilize l pou premye chache siy maladi kay timoun nenpòt laj. Founisè swen sante a ka vle konfime l ak tanperati nan dèyè ti bebe a.

  • Bouch (oral). Pa itilize tèmomèt nan bouch ti moun ou an jiskaske li gen omwen 4 làne.

Itilize tèmomèt nan dèyè a ak prekosyon. Suiv enfòmasyon fabrikan pwodui a bay la pou w ka byen itilize l. Mete l nan dèyè ti bebe a dousman. Mete etikèt sou li epi asire w pa itilize l nan bouch li. Li ka gen jèm twalèt ki rete sou li. Si w pa alèz pou w itilize tèmomèt nan dèyè a, mande founisè swen sante a ki tip ou ka itilize nan plas li. Lè w ap pale ak nenpòt founisè swen sante sou lafyèv pitit ou a, di yo ki kalite w te itilize.

Si pitit ou a gen lafyèv, w ap jwenn kilè pou w rele founisè swen sante w la anba. Founisè swen sante pitit ou a ka ba w diferan nimewo. Swiv konsiy yo.

Kilè pou w rele founisè swen sante a pou lafyèv pitit ou a

Pou yon ti bebe ki gen pi piti pase 3 mwa:

  • Anvan, mande founisè swen timoun ou an kijan w ta dwe pran tanperati ti bebe a.

  • Nan dèyè oswa nan fwon: 100,4°F (38°C) oswa pi wo

  • Anba bra: 99°F (37,2°C) oswa pi wo

  • Yon fyèv ki gen ___________selon konsèy founisè ou a

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer