Dyabèt: Aprann sou pòsyon ak gwosè pòsyon yo
Pòsyon ak gwosè pòsyon yo. Ki diferans ki genyen? Tèm sa yo ka menen nan konfizyon. Men, aprann mezire gwosè pòsyon yo ka ede w konnen konbyen idrat kabòn (carb) ak lòt manje ou manje chak jou. Yo se zouti pwisan tou pou jere pwa ou.
 |
Yon bon règ debaz: konsakre mwatye plat ou a pou legim ak salad vèt. Divize lòt mwatye a ant pwoteyin ak idrat kabòn ki gen lanmidon. Fwi fè bon desè. |
Pòsyon ak gwosè pòsyon yo
Yo itilize anpil mo diferan pou dekri kantite manje. Si founisè swen sante w la itilize yon tèm ou pa sèten sou li, ou pa bezwen pè mande. Sa ap ede w konn diferans ant pòsyon ak gwosè pòsyon yo:
-
Yon gwosè yon pòsyon. Sa a se yon gwosè fiks. Pwodiktè manje yo itilize tèm sa a pou dekri pwodwi yo. Pa egzanp, etikèt ki sou yon bwat sereyal ka di 1 tas sereyal sèk = 1 pòsyon.
-
Yon pòsyon (yo rele l tou kantite). Sa a se konbyen ou manje oswa konbyen ou mete nan asyèt ou nan yon repa. Pa egzanp ou ta ka manje 2 tas sereyal nan maten yo.
Gade gwosè pòsyon yo
Pòsyon ou chwazi pou w manje a (tankou 2 tas sereyal) ka plis pase 1 pòsyon jan sa endike sou etikèt manje a (tankou 1 tas sereyal). Se poutèt sa li ede mezire oswa peze manje ou manje a. Etandone ke valè etikèt manje yo baze sou pòsyon, w ap bezwen konnen konbyen pòsyon ou manje nan 1 seyans.
Lè w ap planifye pou yon ti goute oswa yon repa, kenbe pòsyon nan tèt ou. Si ou pa gen tas mezi oswa yon balans sou la men, gen fason pou konnen gwosè pòsyon yo. Pa egzanp, ou ka konpare manje a ak gwosè men ou (gade foto ki anba a). Men kèk ti konsèy jeneral:
-
Pla men w ka kenbe ka anviwon 3 ons vyann
-
1 tas manje se apeprè gwosè pwen ou
-
Yon men louvri kenbe apeprè 1 a 2 ons nwa
 |
Ons: 2 a 3 ons se apeprè gwosè pla men ou. |
 |
1 tas: 1 tas (oswa yon pòsyon ki gen yon gwosè mwayen) egal a kantite yon ponyen men w. |
 |
1/2 tas: 1/2 tas se kantite pla men w kenbe lè l pliye. |
Jere gwosè pòsyon yo
Si pwa ou se yon enkyetid, diminye pòsyon ou yo ka ede w. Yon pòsyon se kantite chak kalite manje nan plat ou. Ou ka manje plis pase 1 pòsyon nan yon manje alafwa. Men, pou w pa manje twòp nan 1 repa, aprann kijan pou jere pòsyon w yo. Kontwòle pòsyon yo ap ede tou nan jesyon sik nan san.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.