Si w bezwen yon sipleman ensilin pandam gwosès la
Pandan gwosès la, kò w ka pa kapab pwodui ase ensilin pou kontwole kantite sik ki nan san w. Si sa rive, ou ka bezwen yon sipleman ensilin. Sa ap ede w kontwole kantite sik ki nan san w. Nan kèk ka, yon medikaman antidyabetik oral ka itilize. Glibirid la se yon egzanp. Men yo pi souvan itilize ensilin nan.
Ensilin nan se yon sibstans natirèl. Li pa adiktif. Li p ap fè bebe w la anyen. Li pa travèse plasennta a. Sa vle di li pa afekte bebe w la jan yon konprime te ka fèl. Si w pa t dyabetik anvan gwosès la, w ap ka sispann pran ensilin nan apre bebe w la fin fèt.
Aprann itilize ensilin nan
Founisè swen sante w la ap preski w ensilin. Y ap aprann ou bay tèt ou yon piki. Avèk pratik, w ap alèz pou w fèl. Ou dwe enjekte l yon fwa oubyen plizyè fwa pa jou. Yo enjekte ensilin nan tisi grès yo. Pi bon kote pou yon enjeksyon ensilin se nan zòn bò vant ou. Men ou ka enjekte l tou nan ponyèt ou oswa nan kwis ou. Diskite ak founisè swen sante w la pou w konnen ki bò pou w fe piki a. Men kèk etap pou swiv:
-
Chwazi yon kote pou w fè enjeksyon an.
-
Netwaye l ak alkòl si po a sal.
-
Pense yon pli po a. Foure egi a nan yon ang pwononse. Pi bon ang lan ap depann de fòm kò w, de longè egui a, ak kote w ap pike a. Founisè swen sante ou a ap ede w jwenn pi bon ang lan.
-
Pandan w ap kenbe po a pense pouse piston an aba. Sa pèmèt yo enjekte ensilin nan.
-
Lage po ou te pense a.
-
Retire egi a nan po w.
-
Si w wè san oswa ensilin ap koule sou po w, apiye sou kote a fò pandan 5 a 8 segonn.
-
Pa fwote po w nan zòn sa.
Egi ak sereng yo dwe itilize sèlman yon sèl fwa. Apre itilizasyon an jete l nan on bagay li p ap ka pèse. Se sa yo rele yon resipyan pou bagay ki ka koupe. Pa jete egi yo nan fatra nan kay la. Pale de sa ak founisè swen sante ou a si ou gen kesyon oubyen enkyetid konsènan pran ensilin nan.
 |
Pi bon kote pou yo enjekte ensilin se vant ou. Men ou ka enjekte l tou nan yon ponyèt oswa yon kwis. Pale ak founisè swen sante w la pou w konnen kibò ou ka pran piki a. |
Jwenn bon dòz la pou ou
Founisè swen sante w la ap travay avè w pou jwenn dòz ensilin ki bon pou ou a. Sa ka pran tan. Se paske ou dwe ekilibre ensilin ou an ak alimantasyon w ak aktivite fizik ou. Epi kò w ap bezwen plis ensilin amezi bebe w la ap grandi.
Ou sipoze kontwole kantite sik ki nan san w plizyè fwa pa jou. Se pou w ka asire w ke nivo ensilin ou an fonksyone. Si to sik ki nan san w lan twò wo oubyen twò ba, founisè swen sante w la ap ajiste dòz ou a.
Kantite sik ki nan san w ba
Pran ensilin nan espoze w a yon risk pou kantite sik nan san w bese. Sentom lè Kantite sik ki nan san w ba yo se
-
Tranbleman
-
Toudisman
-
Ou gen Feblès
-
Konfizyon
Si w santi youn nan sentom sa yo, kontwole imedyatman kantite sik ki nan san w.
Si kantite sik ki nan san w ba, toujou trete l rapid. Pou fè sa, manje 15 gram sik ki ka aji rapid, tankou:
Epi kontwole kantite sik nan san w ankò nan 15 minit. Si kantite sik ki nan san w toujou ba, manje 15 gram sik ankò. Si kantite sik ki nan san w pa vin nan nivo nòmal la nan 30 minit, rele founisè swen sante w la.