Adapte w ak Gwosès: Twazyèm Trimès
Malgre yo kouran pandan gwosès la, kèk malèz ka parèt pi mal nan semèn final yo. Chanjman senp nan fason w ap viv la ka ede. Pran swen tèt ou. Epi mande patnè w la pou l ede w ak ti travay yo.
Limite pwoblèm janm yo
Mwayen pou w konbat pwoblèm janm yo:
-
Mete ba sipò tout jounen.
-
Pa mete soulye oswa rad ki sere, tankou pantalon sere ak chosèt ki gen tèt elastik.
-
Lè w chita kite pye w ak janm ou leve souvan.
Pran swen tete ou
Konsèy pou w swiv yo gen ladan yo:
Kontwòl emowoyid yo
Men kèk fason pou w evite emowoyid:
-
Manje manje ki gen anpil fib. Epitou fè egzèsis epi bwè ase likid. Sa ap diminye konstipasyon ak emowoyid yo.
-
Dòmi epi fè syès sou kote. Sa a limite presyon ki fèt sou venn rèktòm ou yo.
-
Eseye pa ret fè anpil tan kanpe ni chita.
Kontwole doulè nan do
Kòm kò w ap chanje pandan gwosès la, do w dwe travay yon lòt fason. Gen anpil bagay ki lakoz doulè nan do. Chanjman fizik k ap fèt nan kò w yo ka malmennen do w ak mis ki soutni l yo. Epitou òmòn yo ogmante pandan gwosès la. Sa a ka afekte fason mis ou yo ak atikilasyon w yo ap travay ansanm nan. Tout chanjman sa yo ka bay doulè.
Ou ka santi doulè nan anwo oswa nan ba do a. Li kouran pou w gen doulè nan basen an tou. Gen kèk fanm ansent ki gen syatik. Se yon presyon ki fèt sou nè syatik ki pase desann dèyè janm nan ki lakoz doulè a. Glas oswa chalè ka ede w. Founisè w la ka konseye w yon masoterapi oswa yon kiwopraktè. Dòmi sou bò gòch ou ak yon zòrye nan mitan jenou w. Itilize yon atèl oswa aparèy ki bay sipò. Mande founisè w la pou l ba w konsèy ak egzèsis espesifik ki pou ede w kontwole doulè nan do w yo.
Konsèy pou ede w repoze w
Yon bon repo ak somèy ap ede w santi w pi byen. Men kèk ide:
-
Mande patnè w la pou l ba w masaj nan zepòl ou, nan kou w oswa nan do w.
-
Limite kantite fwa ou deplase chak jou yo.
-
Fè ti kouche nan aprèmidi oswa apre w sot travay pandan kèk minit.
-
Pran yon beny cho anvan w al dòmi.
-
Bwè lèt cho oswa te ki pa gen kafeyin.
-
Pa bwè ni kafe, ni te nwa, ni kola.
Kanpe lestomak boule
-
Pa manje manje ki pike, ki gra, ki fri, oswa ki gen asid.
-
Manje ti kal manje pi souvan. Manje dousman.
|
|
Jere chanjman karaktè
Men kèk fason pou w jere chanjman karaktè w yo:
-
Ou dwe konnen chanjman karaktè yo nòmal.
-
Fè egzèsis souvan, men pran anpil repo.
-
Abòde enkyetid ou yo epi evite estrès. Pale ak patnè w, ak lòt fi, oswa ak founisè swen sante w la ka ede w.

Fè fas ak pipi souvan
Men kèk konsèy pou w fè fas ak pipi souvan:
-
Bwè anpil dlo pandan tout jounen an. Men, si w bwè anpil nan aswè, ou ka oblije leve souvav nan nuit lan.
-
Evite kafe, te nwa, ak kola.
Fason pwoblèm ou jwenn chak jou yo afekte sante w
Anpil bagay nan lavi chak jou w gen enpak sou sante w. Se kapab transpò, pwoblèm lajan, lojman, aksè pou jwenn manje, ak pran swen timoun. Si ou pa kapab ale nan randevou medikal ou yo, ou ka pa resevwa swen ou bezwen an. Lè pa gen ase lajan, li ka difisil pou w peye medikaman. Epi rete lwen yon makèt ka fè li difisil pou w achte manje ki sen.
Si ou gen enkyetid pou youn nan domèn sa yo oswa nan lòt, pale sa a ak ekip k ap ba w swen an. Yo ka konnen resous lokal ki ka ede w. Oswa yo ka gen yon manm nan pèsonèl la ki ka ede w.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.