Enstriksyon Egzeyat pou iponatremi an
Yo te dyagnostike w genyen yon iponatremi. Sa vle di nivo sodyòm ki nan san w lan (sèl) twò ba. Nou bezwen sèl pou kò a ak sèvo a byen mache. Sa ka fatal lè nivo sodyòm ki nan sa an twò ba. Sentom yo ka tèt fè mal, konfizyon, gwo fatig, kranp miskilè, divage, kriz, ak koma Yo te trete w pou yo ka leve nivo sodyòm nan san w lan. Enstriksyon sa yo ka ede w pran swen w lakay ou jan yo di w fè sa.
Swen lakay
-
Limite kantite likid ou ap pran. Bwè sèlman kantite founisè swen sante w la di w pou w bwè.
-
Mande founisè swen sante w la kisa w ka itilize pou w ranplase likid yo si w vomi.
-
Kontinye al nan randevou yo. Founisè w la a bezwen siveye kondisyon w ak atansyon.
Pou ede w evite iponatremi:
-
Pran tout medikaman w yo ekzakteman jan yo di w fè sa. Kèk medikaman ka bese nivo sodyòm ki nan san w lan.
-
Si w fè yon bagay ki fè w ap swe anpil, bwè likid ki gen sèl ak lòt elektwolit.
-
Mande founisè swen sante w la ki medikaman pou w pran. Di li tout preskripsyon ak medikaman ki pa gen preskripsyon, vitamin, sipleman, ak fèy
-
Ou dwe al tcheke nivo sodyòm ou souvan. Sa vital si w ap pran medikaman ki ap ede kò w retire dlo (diyiretik).
Suivi a
Ale nan randevou ak founisè swen sante w la, oswa jan yo konseye w lan
Lè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a imedyatman si ou gen youn nan sa anba yo:
-
Fatig
-
Endispozisyon
-
Toudisman
-
Chanjman nan apeti ou
-
Anvi pou w vomi oswa vomi
-
Konfizyon oubyen oubli
-
Misk ou yo redi, yo gen kranp, yo gen kontraksyon
-
Kriz
-
Mache nan fason ki pa nòmal
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.