Machaswiv Egzeyat pou Kriz Kadyak
Ou te fè yon kriz kadyak (enfaktis myokad egi). Yon kriz kadyak rive lè yon veso sangen ki voye san nan kè w vin bloke toudenkou. Yon mank sikilasyon san ka andomaje oswa detwi yon pati nan misk kè a. Sa lakòz kè w pa fonksyone byen jan li ta dwe fonksyone. Swiv direktiv sa yo pou swen lakay ak pou chanjman nan mòdvi.
Lakay
-
Verifye si w gen yon lis tout medikaman w ap pran yo. Pran medikaman w jan yo endike w. Asire w gen yon famasi pou w ka ranpli preskripsyon an. Pa sote dòz yo. Pale avèk founisè swen sante w si medikaman w yo pa aji pou ou. Ansanm nou ka pwopoze yon lòt plan tretman.
-
Sonje ke rekiperasyon apre yon kriz kadyak pran tan. Planifye pou pa fè fò pandan omwen 4 a 6 semèn pandan w ap refè. Apresa, retounen nan aktivite nòmal lè founisè swen w lan di pa li akseptab.
-
Mande founisè swen w lan enfòmasyon sou patisipasyon nan yon pwogram reyadaptasyon kè. Sa ka ede fè kè w ak poumon w pi solid epi ba w plis enèji ak konfyans.
-
Enfòme founisè swen w lan si w santi w deprime. Santiman tristès yo kouran apre yon kriz kadyak. Men, li enpòtan pou w pale avèk yon moun oswa chèche konsèy si w santi w akable ak santiman sa yo. Santiman sa yo leplisouvan pase nan lespas yon mwa.
-
Rele 911 touswit si w gen doulè nan pwatrin oswa doulè ki ale nan zepòl, kou, oswa do w. Pa kondi pou w mennen tèt ou lopital.
-
Mande manm fanmi w pou yo aprann CPR. Se yon konpetans enpòtan ki ka sove lavi lè li nesesè.
-
Aprann kontwole pwòp tansyon w ak batman kè w. Kenbe yon dosye pou rezilta ou yo. Mande founisè swen w kilè ou ta dwe chèche swen medikal ann ijans. L ap endike w ki rezilta tansyon ki danjere.
Chanjman nan mòdvi
Gen anpil chans kriz kadyak ou a te rive akòz maladi kè. Founisè swen sante w la pral kolabore avèk ou pou fè chanjman nan mòdvi w. Sa pral ede anpeche maladi kè a vin pi mal. Chanjman sa yo se pral trè pwobableman yon konbinezon dayèt ak egzèsis.
Dayèt
Founisè swen sante w ap fè di w ki chanjman ou dwe fè nan dayèt ou. Ou ka bezwen wè yon dyetetisyen otorize pou w jwenn èd pou chanjman dayèt sa yo. Chanjman sa yo ka gen ladan:
-
Redui kantite grès ak kolestewòl ou manje.
-
Redui kantite sèl (sodyòm) ou manje, sitou si w gen tansyon wo.
-
Manje plis legim ak fwi fre.
-
Manje plis pwoteyin mèg tankou pwason, volay, pwa ak peti pwa epi manje mwens vyann wouj ak vyann transfòme.
-
Itilize pwodui abaz lèt grès fèb.
-
Itilize lwil vejetal ak lwil nwa nan kantite ki limite.
-
Limite kantite bagay dous ak manje transfòme, tèlke tchips, bonbon, ak pwodui boulanjri ou manje.
-
Limite chak kilè ou manje nan restoran. Epi lè w al manje nan restoran, fè pi bon chwa manje.
-
Pa manje nouriti fri oswa gra oswa manje ki gen anpil grès satire.
Egzèsis
Founisè swen sante w ka di pou w fè plis egzèsis si w pa te aktif fizikman. Selon ka w la, founisè swen w lan ka rekòmande yon pwogram egzèsis ki pi bon pou ou. Chofe 5 a 10 minit anvan w fè egzèsis epi refwadi 5 a 10 minit apre fin fè egzèsis.
Pwogram reyadaptasyon kadyak la
Mande founisè swen sante w enfòmasyon sou yon pwogram reyadaptasyon kadyak. Reyabilitasyon kadyak se yon pwogram sipèvize sou plan medikal pou ede moun ki gen maladi kè. Li fèt pou amelyore rekiperasyon kè ak kapasite w pou fonksyone. Epitou, li ede prepare w pou aktivite lavi toulejou yo. Moun ki nan pwogram sa a gendwa te fè yon kriz kadyak oswa yon operasyon kè resaman. Li ka soulaje sentòm ou yo epi amelyore sansasyon byennèt ou. Pwogram reyadaptasyon kadyak ou a fèt pou satisfè bezwen w. Yon doktè kadyak ak yon ekip founisè swen sante kadyak sipèvize li. Pwogram ou a ka dire soti 6 semèn jiska yon ane.
Objektif la nan reyadaptasyon kadyak se pou soulaje sentòm ou yo epi rann kè w an sante otank posib. Pwogram ou a ka gen ladan:
-
Pwogram egzèsis. Sa fè w pi anfòm, epi ede kè w fonksyone pi byen.
-
Klas pou ede w chanje mòdvi w ak abitid ou. Pa egzanp, klas ak sipò pou ede w kite fimen. Oswa ou ka swiv yon klas sou nitrisyon pou aprann kijan pou w manje pi byen.
-
Jesyon estrès. Ou pral aprann kijan pou jere estrès pou bese anksyete w.
-
Konsèy. Sa pral ede w aprann eta w presizeman epi kijan pou w viv avèk li.
-
Terapi okipasyonèl. Sa ede w prepare pou w retounen nan travay oswa pou w jere aktivite nòmal lavi chak jou yo.
Lòt chanjman yo
Founisè swen sante w gendwa rekòmande tou pou ou:
-
Pèdi pwa. Si w twò gwo oswa w obèz, founisè swen w ap kolabore avèk ou pou w pèdi liv anplis yo. Fè chanjman nan dayèt e fè plis egzèsis ka ede. Yon bon objektif se pèdi 10% nan pwa kò w nan yon ane.
-
Kite fimen. Enskri pou yon nan yon pwogram pou sispann fimen gen plis chans pou w kite pou toutbon. Ou ka antre nan yon gwoup sipò pou sispann fimen. Oswa mande founisè swen w lan enfòmasyon sou pwodui ranplasman nikotin oswa medikaman pou ede w kite fimen.
-
Aprann jere estrès. Metòd pou jesyon estrès ede w fè fas ak estrès lakay ou ak nan vi pwofesyonèl ou. Sa ap ede w santi w pi byen sou plan emosyonèl epi soulaje presyon sou kè w.
-
Kontwole lòt pwoblèm yo. Si w soufri dyabèt, tansyon wo, maladi ren, oswa kolestewòl wo, founisè swen w lan ap kolabore avèk ou pou kontwole maladi sa yo. Tout sa yo se faktè risk pou kriz kadyak.
Swivi
Verifye si w gen detay yo pou tout randevou medikal ou yo on fwa ou kite lopital la. Oswa fè yon randevou swivi jan yo endike w.
Rele 911
Rele 911 touswit si w gen:
Kilè pou w rele doktè ou
Kontakte founisè swen sante w touswit si w gen:
-
Toudisman, vètij, oswa endispozisyon.
-
Sansasyon yon batman kè iregilye oswa yon poul rapid.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.