Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Fè fas ak ensifizans kadyak

Li nòmal pouw santi w tris oswa deprime lè wap viv ak yon ensifizans kadyak. Kèk medikaman ka chanje imè w tou. Swiv plan tretman ou an ka parèt difisil pafwa. Si w santi w akable, jis konsantre w sou yon sèl jou alafwa. Pa pè mande lòt moun èd yo lè w bezwen sa.

De fi ki ap pale deyò.

Fason pou w santi w pi byen

Eseye pa rete lwen fanmi w ak zanmi w, menm si w twouve li difisil pou w pale ak yo. Yo ka toujou yon bon sous sipò. Pou w santi w pi byen, ou kapab tou:

  • Pase tan nan fè aktivite ke ou renmen. Sa ka gen ladan l patisipe nan yon pastan ke w renmen, medite, priye, oswa pase tan ak moun ou pran swen. Jwenn aktivite kap fè w kontan. Epi fè yo vin yon priyorite.

  • Pataje sa w aprann konsènan ensifizans kadyak ak moun ki nan vi w. Envite moun nan fanmi w akonpaye w lè w ap vizite founisè swen sante w la. Sa ap fè w santi w yo sipòte w. Epi sa pral ede w diskite sou plan swen ou te dakò ak founisè w la.

  • Panse rantre nan yon gwoup sipò pou moun ki gen ensifizans kadyak. Li ka pi fasil pou w pale ak moun ki konnen byen pwòp sa w ap pase. Yo ka ofri w konsèy epi pataje istwa avè w. Ou ka vle mande moun ou renmen yo vin jwenn ou pou yon reyinyon.

Mande èd

Gen ensifyans kadyak pa vle di ou dwe santi w pa byen tout tan. Panse pou w pale ak founisè swen sante w la oswa yon terapis si:

  • Ou santi w san valè oswa dekouraje, oswa w ap panse sou suisid. Sa yo se siy avètisman depresyon. Tretman ka ede w santi w pi byen. Lè depresyon an anba kontwòl, tout sante w ka amelyore tou.

  • Ou santi w enkyè pou sa ki pral rive moun ou renmen yo si sante vin pi mal. Lè w fè aranjman legal yo, tankou fè yon testaman de vi ak pwokirasyon dirab, sa ka ede w santi w pi an sekirite pa rapò ak avni an.

  • Ou santi w estrese oswa poukò w. Soutyen sosyal yo ap ede w diminye estrès epi ede w repeske chanjman w fè yo pou w mennen yon vi w sen. San sipò sosyal, ou ka retounen nan lopital la.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer