Osteyopowoz la: Depistaj pou Pèt nan Mas Zo a
Yo mezire fòs zo yo gras ak dansite yo. Sa vle di kijan tisi zo a epè. Gwo dansite zo vle di zo yo gen mwens chans pou yo kase (frakti). Si ou gen risk pèt zo, founisè swen sante w la ka refere ou pou yon tès dansite zo.
Tès dansite zo
Tès dansite zo a san danje, rapid, fasil epi san doulè. Li ka jwenn osteyopowoz la anvan yon ka zo kase rive. Li ka mezire tou kijan tretman an fonksyone. Gen plizyè kalite tès ou ka fè. Yo gen ladan yo:
-
Tès santral. Yo itilize sa pou tès depistaj ak dyagnostik. Yo mezire dansite nan anch lan ak kolòn vètebral la. Tès santral prensipal la se yon Radyografi espesyal ki rele egzamen DEXA (absòpsyometri bifotonik avèk rayon-X). DEXA a se tès estanda dansite zo.
-
Tès periferik. Yo itilize sa pou tès depistaj. Yo mezire dansite nan dwèt, ponyèt, jenou, tibia, oswa talon. Yon tès periferik komen se iltrason kantitativ (QUS). Men tès QUS la pa presi menm jan ak tès DEXA a.

Ki moun ki ta dwe teste?
-
Tout fanm ki nan menopoz ki gen mwens pase 65 an, avèk 1 oswa plis faktè risk anplis menopoz la
-
Tout fanm ki gen 65 làne oswa plis
-
Fanm ki nan menopoz ak ka zo kase
-
Fanm ki anvizaje yon tretman pou maladi osteyopowoz la
-
Fanm ki sou tretman òmòn depi yon bann tan
-
Fanm oswa gason ki gen kèk pwoblèm sante (tankou dyabèt) oswa k ap pran kèk medikaman (tankou glucocorticoids oswa prednisone) pandan lontan
Sit tès komen sou kò ou
Nenpòt zo ka kase. Men ak osteyopowoz la, kèk zo kase pi fasil. Sa yo gen ladan yo zo nan kolòn vètebral la, ponyèt, zepòl, ak anch. Se poutèt sa tès dansite zo yo ka fèt nan 1 oswa plizyè nan sit sa yo sou kò ou.
Konprann rezilta ou yo
Rezilta tès ou yo ka twouble w nan yon premye moman. Mande founisè w la eksplikasyon. Yo pral konpare dansite mineral zo ou (BMD) ak BMD yon zo jèn, ki an sante. Rezilta a rele yon eskò-T. Zo yo fè tisi (remodlaj) nan rit diferan. Se konsa, yon eskò-T an sante nan ponyèt la pa vle di kolòn vètebral la an sante tou. Se poutèt sa yo ka analize plis pase 1 sit sou kò ou.
Online Medical Reviewer:
Raymond Turley Jr PA-C
Online Medical Reviewer:
Stacey Wojcik MBA BSN RN
Online Medical Reviewer:
Thomas N Joseph MD
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.