Konprann pwoblèm nan je yo.
Nòmal
 |
Nòmal. |
Je w yo wè yon bagay tankou limyè k soti nan bagay la. Kòne w kenbe reyon limyè yo sou yon kouch ki kouvri anndan fon jew (retin nan). Si je w yo nòmal, sa kreye yon imaj ki fokalize sou retin ou. Sa fè bagay yo parèt klè.
Myòp (Myopi)
 |
Myòp. |
Kòne w ak retin ou twò lwen si w myòp. Se yon lòt fason pou yo di glòb je w pi long ki mwayèn nan. Pafwa kòne w oubyen kristalen w gen yon fòm ki pa nòmal. Sa fè reyon limyè bagay ki lwen yo konsantre devan retin ou. Alò bagay sa yo vin sanble flou.
Ipèmetwòp (Ipèmetwopi)
 |
Ipèmetwòp. |
Kòne w ak retin ou twò pwòch youn lòt si w ipèmetwòp. Se yon lòt fason pou yo di glòb je w pi kout ke mwayèn nan. Pafwa kòne w oubyen kristalen w gen yon fòm ki pa nòmal. Sa fè reyon limyè bagay ki pwòch yo konsantre dèyè retin ou. Alò bagay sa yo vin sanble flou.
Astigmatis
 |
Astigmatis. |
Pafwa kòne ou a, oubyen kristalen ki anndan jew la koube nan yon fason ki pa nòmal. Epi reyon limyè yo ka pa konsantre yon sèl jan sou retin ou. Yo rele sa astigmatis. Li fè bagay ki pre ak lwen yo parèt flou.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. Todos los derechos reservados. Esta información no pretende sustituir la atención médica profesional. Sólo su médico puede diagnosticar y tratar un problema de salud.