Fè Fas Avèk Ensifizans Renal
Lè w gen ensifizans renal sa siyifi anpil chanjman nan sante w ak nan lavi w. Pafwa, ou ka gen enpresyon li twò difisil pou sipòte. Men ou ka aprann kijan pou w fè fas ak emosyon sa yo. Epi ou ka santi w pi byen parapò ak tretman w ansanm ak tèt ou. Aprann tout sa ou kapab sou ensifizans renal se yon bon kote pou kòmanse. Ensifizans renal rele tou maladi ren kwonik. Li gen 5 estad, soti nan lejè rive nan grav. Sa baze sou si wi ou non ren w yo ap pèdi pwoteyin ak nan ki pwen yo byen filtre san w.
Konprann emosyon w yo
Viv avèk ensifizans renal kapab bay anpil estrès. Li kouran pafwa pou santi w:
-
Ankòlè ak fristre dèske w oblije depann sou lòt moun.
-
Bwouye ak tout machaswiv yo te ba w.
-
Enkyete pou bagay yo pral pase mal ak tretman w.
-
Boulvèse pou efè segondè ensifizans renal yo oswa tretman pou li.
-
Sanzespwa ak deprime pou nouvo limit nan lavi w ak nan avni w.
-
Pa kontan avèk kò w.
Pa kenbe santiman sa yo pou oumenm. Pale avèk ekip swen w lan ak moun pwòch ou yo. Yo ka konnen fason pou ede w.
Aksepte chanjman yo nan kò w
Ensifizans renal ak tretman l lakòz chanjman nan kò w. Chanjman sa yo ka afekte fason w santi w parapò ak seksyalite w. Dezi w ak santiman w genyen pou sèks ka chanje. Fòk ou fran ak onèt avèk patnè w sou santiman w epi pale avèk founisè swen sante w yo. Yo ka ede w konprann chanjman yo nan kò w.
Jwenn sipò
Ou ka jwenn li difisil pou mande lòt moun èd. Men, li difisil tou pou fè fas ak yon maladi kwonik poukont ou. Lè w bezwen kèk èd oswa ou jis vle pale, adrese w ak zanmi, fanmi, ak manm ekip swen w lan. Epitou anvizaje antre nan yon gwoup sipò. La a, moun rankontre pou pale sou pwoblèm komen. Mande founisè swen sante w si gen gwoup sipò ensifizans renal ki toupre pou oumenm ak fanmi w.
 |
Pale ak yon moun ou santi w pwòch avè l ka ede w lè w santi w mal. |
Pou jwenn plis enfòmasyon
Gwoup sa yo ka ba w plis enfòmasyon sou ensifizans renal. Yo ka gide w tou nan resous lokal yo, tèlke gwoup sipò yo.
Kijan pwoblèm toulejou yo afekte sante w
Anpil bagay nan lavi toulejou w afekte sante w. Sa kapab gen ladan pwoblèm transpò, lajan, lojman, aksè nan manje, ak gadri. Si w pa ka ale nan randevou medikal yo, ou gendwa pa resevwa swen ou bezwen yo. Lè lajan piti, li ka difisil pou peye medikaman. Epi lè w ap viv lwen yon makèt sa kapab rann li difisil pou achte nouriti ki bon pou sante.
Si w gen enkyetid nan nenpòt nan domèn sa yo oswa nan lòt domèn, pale avèk ekip swen w lan. Yo ka konnen resous ki gen nan zòn ou an pou ede w. Oswa yo ka gen yon moun nan estaf la ki ka ede.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.