Pwoblèm Valv Kadyak
Travay Kè w se pou l ponpe san nan kò w. Travay sa kòmanse ak ponpe san nan kè a li menm. Anndan kè w, san an pase nan yon seri pòt ki gen yon sèl vwa (valv). Si yon valv pa fonksyone byen, ase san pa ka avanse. Youn nan pwoblèm valv kè a ka genyen li ka pa laj ase, li pa sere ase, oubyen tou de. Nan nenpòt ka, pa gen ase san ki ale nan misk kè a oubyen deyò kò a.
Sentom Pwoblèm Valv Kadyak yo
Ou ka gen pwoblèm valv pandan plis pase dizan poutan w pa gen okenn sentom. Si w gen sentom, yo ka vini tèlman dousman w pa menm rann ou kont menm. Nan lòt ka, epoutan, sentom yo parèt sibitman. Ou ka gen youn oubyen plis nan sentom sa yo:
-
Ou gen difikilte pou w respire lè w kouche, lè w ap fè ekzèsis, oubyen ou estrese emosyonèlman
-
Ou gen doulè, pressyon, opresyon, oubyen angoudisman nan pwatrin ou, nan kou w, nan do w, oubyen nan ponyèt ou (anjin pwatrin)
-
Ou santi w etoudi, ou endispoze, oubyen w fèb
-
Ou fatige, espesyalman k aktivite w yo oubyen panadan jounen an
-
Ou leve nanuit ap touse oubyen ak souf ou kout
-
Yon batman kè, rapid, oubyen li iregilye
-
Ou gen sansasyon pwatrin ou ap flote
-
Je pye w oubyen pye w anfle
-
Ou endispoze, espesyalman lè w kanpe oubyen lè w fè eksè
Koz ki souvan mennen pwoblèm valv la
Moun nenpòt laj ka gen twoub nan valv kè yo. Ou ka te fèt ak yon pwoblèm valv. Oubyen yon valv ka vin ize pandan w ap pran laj. Li ka pa posib pou w lonje dwèt sou sa ki lakoz pwoblèm valv ou a. Men koz nou plis jwenn yo den ladan yo:
-
Kalsyòm oubyen tisi sikatrisyèl ki fè yon pil sou yon valv
-
Rimatis ki grav ak kèk lòt enfeksyon ak maladi
-
Tansyon wo
-
Lòt pwoblèm kè, tankou maladi nan atè kowonè a
-
Malfòmasyon konjenital valv kadyak yo
Difikilte pou louvri (estenoz)
Lè yon valv pa fin ouvri nèt, yo rele pwoblèm nan estenoz. Ti fèy yo ka kole ansanm oubyen yo twò rèd pou yo fin louvri nèt. Lè valv la pa fin ouvri nèt, san an dwe koule nan yon ouvèti ki pi piti. Donk misk kè a dwe travay pi di pou l pouse san an nan valv la.
 |
Estenoz. |
Difikilte pou fèmen (regijitasyon)
Lè yon valv pa fèmen sere ase epi san an koule pa dèyè nan valv la, yo rele pwoblèm sa regijitasyon oubyen ensifizans. Valv la li menm ka koule. Fèy yo ka mal kole ansanm. Oubyen estrikti ki sipòte yo a ka dechire. Enpe san ka koule nan valv la nan chanm li fèk kite a. Donk kè a dwe deplase san sa de fwa. Sa ka vin lakoz misk kè a andomaje.
 |
Regijitasyon. |
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.