Swen pou Tete Apre Akouchman an
Kèk jou apre ou fin akouche ti bebe w la, tete w ap anfle ak lèt. Yo gen chans pou yo sansib epi lou. Sa nòmal. Pou anpeche w gen doulè nan tete epi kontwole iritasyon, swiv konsèy sa yo.
Fè fas ak enflamasyon
Men konsèy pou w ka fè fas ak enflamasyon tete yo:
-
Itilize konprès frèt oswa yon pake glas pou diminye doulè a.
-
Bay tete souvan pou anpeche lèt la bouche kanal tete w yo.
-
Si pwent tete w yo plat akòz tete yo anfle, tire enpe lèt alamen. Mase epi peze tete w pou kèk gout lèt ka soti.
-
Si ou gen enflamasyon ak doulè oswa lafyèv, rele founisè swen sante w la.
Pou w evite gen pwent tete fè mal
Men konsèy pou w ka evite gen pwent tete fè mal:
-
Asire w ti bebe w la byen pran tete a. Bouch ti bebe a dwe byen ouvri epi tout areyòl la dwe antre nan bouch li.
-
Ou ka kite lèt la sèch sou pwent tete w. Lèt sèch sa a kapab pwoteje po ki sou pwent tete a.
-
Pa itilize alkòl, savon, oswa netwayan ki santi bon sou tete w. Sa yo ka lakoz pwent tete yo sèk epi fann.
-
Pa mete ranbouraj soutyen alètman ki kouvri ak plastik. Yo kenbe imidite epi yo ka lakòz tete yo fann.
-
Si ou gen pwent tete w ki fann oswa k ap senyen, al kay founisè swen sante ou a oswa kay yon konsiltan laktasyon. Y ap asire yo si jan ti bebe a pran tete a kòrèk epi yo ka sijere w yon tretman topik, tankou lanolin pi.
Chwazi yon bon soutyen
Kounye a, li vin pi enpòtan pou w mete gwosè soutyen ki bon an. Si yon soutyen twò sere, li ka lakòz yon kanal nan tete w bouche epi vin irite. Si sa a posib, mande yon machann soutyen pou l ede w chwazi yon nouvo soutyen k ap bon pou ou. Chèche youn ki 100% koton epi ki konfòtab. Epitou chwazi yon soutyen ki gen bretèl laj ki p ap antre nan do w ak nan zepòl ou. Si w ap bay tete, jwenn yon soutyen pou alètman ki pèmèt ou dekouvri yon tete alafwa.
Si w p ap bay tete
Men konsèy pou w anpeche malèz:
Kilè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a imedyatman si ou genyen youn nan sa yo:
-
Lafyèv oswa frison
-
Gwo fatig oubyen kò fè mal, tankou w te gen grip
-
Youn oswa tou de tete yo ap boule w oswa ap fè w mal
-
Tras wouj sou yon tete
-
Pwen ki di oswa ki tankou ti grenn nan youn oswa tou de tete yo
-
Ou santi youn oswa tou de tete w cho oswa chofe
-
Tete yo tèlman anfle ti bebe w la pa ka kenbe pwent tete yo nan bouch li
-
Pwent tete ki fann oswa k ap senyen
-
Gen yon ti kantite lèt ki fèb oswa lèt ou pa koule byen
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.