Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Gwosès Estopik

Lè yon fanm ansent, ze ki fètilize a (ovil) ki kole anndan matris la kote li ap grandi a. Men nan kèk ka, ze a ka deyò matris la, lepli souvan li konn nan twonp falòp la. Yo rele sa gwosès estopik. Ou ka tande yo rele l gwosès nan twonp tou. Men ze a ka ale nan lòt kote tou. Zòn sa a yo ka ovè a, kòl matris la, oubyen vant lan (abdomèn nan). Yon gwosès estopik nan zòn sa yo pa rive souvan.

Pandan gwosès la, ze a ap grandi nan matris la. Men lè gen yon gwosès estopik ze a ki ap grandi nan twonp falop la ka lakoz twonp lan pete (dekole). Sa ka mennen nan yon emoraji sevè si yo pa dekouvri sa bonè pou yo trete l.

Yon gwo plan sou seksyon twonp falop la ki gen yon anbriyon ki ap grandi anndan l nan yon gwosès estopik.

Kisa ki ka lakoz gwosès estopik

Lepli souvan, konn gen yon pwoblèm nan twonp lan ki anpeche ze a al nan matris la. Yon blese nan twonp lan, tankou aprè yon enfeksyon oubyen yon operasyon. Chans pou yon fanm fè yon gwosès estopik ka ogmante si li te gen:

  • Yon gwosès estopik deja.

  • Yon enfeksyon nan zòn pèlvyen an ki ap fè ale vini

  • Andometriyoz

  • Difikilte pou li ansent (enfètilite)

  • Li te fè yon operasyon nan twonp li yo

  • Yon gwosès pandan l ap pran sèten konprime planin oubyenli gen yon zouti nan matris la (IUD)

Yon fanm ka gen gwo risk pou sa si li:

  • Fimen

  • Gen plis pase 35 lane

  • Pase bagay nan vajen li pou retire odè natirèl la regilyèman?

Ki sentom gwosès estopik yo?

Lepli souvan sentom gwosès estopik yo rive nan premye 12 semèn gwosès la (premye trimès). Yon fanm ka genyen sentom gwosès, tankou pa wè règ li. Tete l ka mou. Li ka al pipi souvan epi santi l malad nan lestomak (anvi vomi). Men nan kèk ka, yon fanm ka pa gen okenn sentom.

Si yon fanm gen sentom, wè san ap soti nan vajen li se yon bagay ki rive souvan. Fanm nan ka gen doulè nan basen li oubyen anba do li. Doulè a ka vini vit oubyen dousman. Li ka lejè oubyen sevè. Li ka fè l mal anpil oubyen mwens epi li ka ap fè ale vini pandan yon bon tan.

Pandan yon gwosès estopik ap grandi, sentom yo ap ogmante. Si twonp lan pete, fanm nan ka gen:

  • Yon doulè, souden epi ki sevè nan vant oubyen nan basen an ki refize sispann

  • Yon doulè ki ale nan zepòl li

  • Etoudisman oubyen evanouyisman

Si yon gwosès estopik pete, li ka mennen nan gwo emoraji entèn ki ka menase lavi fanm nan. Li ap bezwen yon tretman imedya.

Ki tretman ki genyen pou gwosès estopik?

Yo ka trete yon gwosès estopik nan divès manyè. Tretman yo ka:

  • Medikaman. Enjeksyon youn oubyen plizyè dòz medikaman pou anpeche ze a grandi. Aprè sa kò a ap absòbe selil sa yo. Yo dwe teste nivo òmòn yo nan yon moman espesifik. Yo itilize tès sa pou asire yo nivo òmòn nan tounen nan nòmal li.

  • Operasyon Yo fè operasyon pou retire pati nan twonp lan kote k te gen gwosès estopik la oubyen yo retire tout twonp lan

  • Yon atant sou siveyans. Yo itilize tretman sa pou yon ti gwoup fanm sèlman ki ka gen ti risk pou twonp lan pete. Sa mande pou theke sentom nivo òmnò nan byen, eskanè ak iltrason pou cheke estati fanm nan.

Si yon fanm moutre siy yon gwosès estopik ki pete oubyen si li gen siy twonp lan ka pete, yo dwe opere fanm nan imedyatman.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer