Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Tout Bagay Sou Kontwòl Kolestewòl

Fèy sa a eksplike w kòman kolestewòl afekte sante w. Li eksplike kijan medikaman ak chanjman nan mòdvi ka ede amelyore nivo kolestewòl ou.

Yon fi k ap pale ak yon famasyen.

Konprann kolestewòl

Kolestewòl se yon tip grès (lipid) ki transpòte nan san an. Kò w fabrike kolestewòl nan fwa a. Epitou ou jwenn li nan kèk manje. Kò w bezwen enpe kolestewòl pou yon bòn sante. Sepandan, twòp kolestewòl ka lakòz li nan akimile nan veso sangen yo epi vin tounen plak.

Plak la se yon sibstans gra. Apre yon tan, plak la ka ratresi veso sangen yo epi fè yo vin di. Sa redui oswa bloke sikilasyon san nan veso sa yo. Se sa yo rele atewosklewoz la. Li ogmante risk ou pou kriz kadyak, estwok, e lòt pwoblèm sante. Kolestewòl ki wo nan san se yon faktè risk pou atewosklewoz.

Tip lipid nan san w

San w gen 3 grès prensipal (lipid):

  • LDL (lipopwoteyin dansite fèb). Yo rele l move kolestewòl. Li transpòte prensipalman kolestewòl nan selil kò a. Twòp LDL ap akimile sou miray atè yo. Sa ogmante risk pou maladi kè ak estwok.

  • HDL (lipopwoteyin gwo dansite). Yo rele l bon kolestewòl. Anvlòp pwoteyin sa a kolekte twòp kolestewòl LDL te kite dèyè sou miray veso sangen yo. Se poutèt sa nivo HDL wo ka bese risk pou maladi kè ak estwok.

  • Trigliserid. Kò w sèvi ak fòm grès sa a pou estoke enèji. Tankou kolestewòl LDL, grès sa a ka lakòz akimilasyon plak nan veso sangen yo.

Fè tès kolestewòl

Ou dekouvri nivo lipid nan san w lè w fè yon tès san. Ou ka oblije pa manje (fè jèn) anvan ou fè tès sa a. Ou ka bezwen tcheke nivo kolestewòl ou nan peryòd regilye. Se pou wè si w ap atenn objektif kolestewòl ou yo. Asire w konnen chak kilè pou w fè tès la.

Konprann risk sante ou

Anplis nivo LDL ou yo, lòt faktè ka mete w nan gwo risk pou atewosklewoz. Sa yo gen ladan:

  • Dyabèt

  • Fimen

  • Tansyon wo

  • Pa fè ase egzèsis

  • Obezite

  • Manm fanmi ki te gen maladi kè bonè (gason ki poko gen 55 lane ak fanm ki poko gen 65 lane)

  • Sendwòm metabolik

  • Maladi ren kwonik

  • Pwoblèm enflamatwa kwonik, tankou atrit rimatoyid

  • Menopoz anvan laj 40 lane

  • Istwa maladi asosye ak gwosès, tankou pre-eklanpsi

  • Gwoup etnik (pa egzanp, soti nan Azi Disid)

Li enpòtan tou pou konsidere laj ou ak istwa sante w. Pale avèk founisè swen sante w sou risk pèsonèl ou pou maladi kè ak sou objektif tretman w yo. Asire w konprann poukisa objektif sa yo baze sou pwòp istwa sante w ak istwa fanmi w nan zafè maladi kè oswa kolestewòl wo.

Medikaman pou kontwole kolestewòl

Kèk moun ka bezwen pran medikaman pou kontwole kolestewòl yo. Sa ka ede anpeche yon kriz kadyak oswa yon estwok. Gen plizyè tip medikaman. Chak tip kontwole kolestewòl la yon fason diferan. Founisè swen sante w ap preskri tip ki pi bon pou ou a. Ou ka bezwen pran plis pase 1 sèl medikaman pou atenn objektif ou yo po kolestewòl. Mande founisè swen w enfòmasyon sou nenpòt efè segondè medikaman ou yo ka lakòz. Fè founisè swen w lan konnen si w gen nenpòt efè segondè.

Tip prensipal medikaman yo se:

  • Statin yo. Yo panse sa yo pi bon nan bese kolestewòl. Pou fè sa, yo anpeche kò w fabrike kolestewòl. Lè sa a, sa endike fwa a pou l elimine kolestewòl nan san w. Sa bese kolestewòl LDL. Li ka menm elimine kolestewòl nan plak la. Benefis yo: Statin bese kolestewòl LDL. Yo ogmante lejèman kolestewòl HDL epi bese trigliserid.

  • Inibitè selektif absòpsyon kolestewòl. Sa yo anpeche kò w absòbe kolestewòl nan manje. Yo ka preskri yo pou itilize poukont yo. Oswa ou ka pran yo avèk yon statin. Benefis yo: Medikaman sa yo bese kolestewòl LDL. Yo ogmante lejèman kolestewòl HDL epi bese trigliserid.

  • Rezin yo. Rezin yo ede w elimine kolestewòl nan entesten yo. Fonskyon yo se tache ak bil la. Bil la se yon sibstans ki ede kò a dijere manje. Kò w itilize kolestewòl pou pwodui bil. Nòmalman, pifò bil absòbe nan kò a pandan dijesyon. Men, lè bil la tache nan rezin, li elimine nan kò a. Donk, kò a dwe fè plis bil. Pou fè sa, kò a absòbe plis kolestewòl nan san an. Benefis yo: Rezin bese kolestewòl LDL.

  • Fibrat yo (derive asid fibrik). Sa yo pi bon pou redui kantite trigliserid kò w pwodui. Yo pa travay byen pou bese LDL. Benefis: Fibrat yo bese trigliserid. Yo ogmante kolestewòl HDL.

  • Niacin (asid nikotinik). Niacin (vitamin B-3) limite kapasite fwa a pou pwodui grès nan san an. Konsilte founisè swen sante w anvan w itilize niacin an vant lib pou pwoblèm kolestewòl paske FDA gendwa pa reglemante li. Benefis yo: Niacin ogmante kolestewòl HDL. Li bese trigliserid ak kolestewòl LDL.

  • Asid gra Omega-3. Sa yo bese kantite trigliserid kò w pwodui. Yo ede elimine lipid sa yo nan san an. Asid gra Omega-3 yo prezan nan anpil manje. Sa yo gen ladan somon ak lòt pwason gra, epitou nwa. Founisè swen sante w ka preskri asid gra sa yo sou fòm kapsil. Benefis yo: Omega-3 yo bese trigliserid. (Remak: yo ka ogmante kolestewòl LDL kay kèk pasyan.) 

  • Inibitè PCSK9 yo. Medikaman sa yo bese nivo kolestewòl LDL. Pou fè sa yo dekonpoze pwodui chimik yo nan fwa a ki kontwole pwodiksyon kolestewòl LDL. Yo bay medikaman sa yo nan piki. Yo souvan itilize pou moun ki gen yon fòm ereditè kolestewòl wo. Yo rele sa ipèkolestewolemi familyal. Benefis yo: Medikaman sa a ede moun ki gen difikilte pou kontwole kolestewòl yo avèk lòt medikaman.

Pran medikaman ou

Pran medikaman w egzakteman jan yo endike w. Sa ap ede li aji pi byen. Men konsèy pou pran medikaman kont kolestewòl:

  • Enfòme founisè swen w si w ansent oswa w ap bay tete. Fè sa anvan w pran nenpòt medikaman kont kolestewòl. 

  • Konnen kilè e kijan pou w pran medikaman w. Kèk ka bezwen pran avèk manje. Gen lòt ki ka bezwen pran ak vant vid oswa nan yon sèten moman nan jounen an.

  • Respekte yon orè. Eseye sa ki annapre yo:

    • Pa sote dòz ni sispann pran medikaman w. Sa a enpòtan menm si w santi w pi byen oswa si chif kolestewòl ou yo amelyore.

    • Fikse bagay pou ede w sonje. Pa egzanp, entegre medikaman w nan woutin toulejou w. Pran li lè w leve nan maten oswa lè prale nan kabann nan aswè.

    • Kenbe tras sa ou pran. Ou ka pran plizyè medikaman diferan. Si se konsa, yon lis oswa yon tablo kapab ede w pran bon konprime yo nan bon moman. Sèvi ak yon bwat pou konprime ki gen jou nan semèn nan oswa lè nan jounen an pou swiv.

  • Evite entèraksyon medikaman. Kèk medikaman ak sipleman ka aji youn sou lòt. Sa vle di yo afekte fason lòt medikaman yo aji lè yo pran ansanm. Asire w di founisè swen sante w tout lòt medikaman ou pran yo. Sa gen ladan vitamin, remèd fèy, ak medikaman san preskripsyon.

  • Konnen kijan pou fè fas ak efè segondè yo. Anpil moun gen efè segondè lè yo premye kòmanse pran yon medikaman. Sa yo se bagay tankou maltèt, doulè nan misk, ak boulvèsman lestomak. Efè segondè yo ta dwe disparèt nan kèk semèn. Enfòme founisè swen sante w pou nenpòt efè segondè ou genyen. Kèk efè segondè yo gen ladan zye ki vin jòn, vizyon twoub, ak difikilte pou respire. Si sa yo rive, rele founisè swen sante w touswit.

Tretman avèk yon mòdvi an sante

Tretman pou kolestewòl wo gen ladan chanjman nan mòdvi. Yon mòdvi an sante se yon pati enpòtan anpil nan anpeche maladi kè ak estwok. Founisè swen sante w ap ede w fè chanjman nan mòdvi w si sa nesesè. Bagay ou ka bezwen travay sou yo se:

Dayèt

Founisè swen sante w ap di w ki chanjman ou ka bezwen fè nan rejim ou. Ou ka bezwen wè yon dyetetisyen otorize pou w jwenn èd. Yo ka mande w:

  • Manje mwens vyann ki gen grès satire ak kolestewòl

  • Manje mwens sodyòm (sèl), sitou si w gen tansyon wo

  • Manje plis legim ak fwi fre

  • Manje pwoteyin mèg, tankou pwason, poul ak kodenn, pwa ak peti pwa

  • Manje mwens vyann transfòme, tankou vyann deli, sosis, ak pepperoni

  • Chwazi lèt grès fèb, yogout ak fwomaj grès fèb

  • Sèvi ak lwil vejetal ak lwil nwa olye bè, mantèg, oswa magarin

  • Limite bagay dous ak manje anbale, tankou tchips, bonbon, ak pwodui boulanjri

  • Manje deyò mwens epi pa manje fasfoud

Aktivite fizik

Founisè swen sante w ka konseye w pou w pi aktif. Egzèsis ede ogmante bon kolestewòl HDL kò w. Founisè swen w la ka konseye w fè egzèsis nivo modere jiska fò pandan omwen 40 minit chak jou, 3 a 4 jou chak semèn. Kantite a ka varye selon sante w. Kèk egzanp nan sa yo se:

  • Mache nan yon vitès rapid, apeprè 3 a 4 milalè

  • Djògin oswa kouri

  • Monte bekàn oswa bisiklèt estasyonè

  • Naje oswa ayewobik nan dlo

  • Danse

  • Randone

  • Amasyal

  • Tenis

Si w pa te fè egzèsis depi yon bon bout tan, kòmanse dousman epi ogmante ofiramezi.

Jesyon pwa

Si w twò gwo oswa obèz, founisè swen sante w ka di w pèdi pwa epi bese BMI ou (endis mas kòporèl). Chanje dayèt ou epi fè plis egzèsis ka ede w. Kontwole kantite kalori ou manje se meyè fason pou pèdi pwa.

Fimen

Si w fimen, jwenn èd pou kite fimen kounye a. Mande founisè swen sante w enfòmasyon sou medikaman ki ka ede w konbat gwo anvi yo. Enskri nan yon pwogram pou sispann fimen. Sa ka amelyore chans ou pou reyisi.

Estrès

Aprann fason pou ede w fè fas ak estrès nan kay ou ak nan lavi travay ou. Men kèk ide:

  • Pran yon klas yoga. Ou ka jwenn klas ki toupre w oswa sou entènèt.

  • Fè egzèsis regilyèman. Egzèsis ede lespri w debarase l ak pwoblèm. Li ede libere estrès nan misk ou yo.

  • Fè respirasyon pwofon. Pran kèk minit plizyè fwa pa jou pou w annik chita trankil epi respire. Konsantre sou lè a k ap antre soti nan kò w.

  • Pale avèk moun pwòch ou yo. Pran kèk minit chak jou pou konekte w avèk moun ki fè w santi w gen sipò.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer